| . . .
Page 40
Pour nous joindre :
__________________________________________________________________
Premie janvie 2004, repiblik d'Ayiti pral gen 2 sièkl.
Anpil Komite ap òganize tèt yo pou yo fete viktwa nèg ki té goumen pour esklavaj la
fini, malgwe entèvansyon kolonyalist fwanse ak lame Napoleon ki té debake nan peyi
d'Ayiti.
Moun sa yo ap fè you pakèt bwui. Yap òganize konfewans, gwo diskisyon ak pale
anpil, pour yo di ke yo onowe evènman sa. Kom si mete fleu te sifi pou trankilize
konsyans yo e ke sa te kab pawèt kom si yo te fè dewoa yo vizavi gwan nèg ki te fè la
Revolisyon an 1804.
Nou menm nou kwoè ke dewoa pann se deklawe ke batay la pankò prèt poul fini. Fok
nou pa blie ke pitit pitit nèg sa yo toujou ap soufwi jodi a. Se pou nou ke ansèt yo te
goumen e nou sav ke jousko jou d'ojourdwi batay la panko jwenn bout li.
Nou pap aksepte travay men nan la men ak moun ki pa deklare piblikman ke pou
onowe la Revolisyon d'Ayiti fok yo denonse an menm tan "néo-esklavajism la" kap
kontinue maspinen peyi a depi 200 an. Fòk yo denonse tou bann vakabon politisyen
ki konplis misè katastrofik kap sevi nan peyi a.
Pou selebre Revolisyon d'Ayiti nou pap sepawe gwan nèg 1804, ak tout peupl là kap
kontinue soufwi depi 200 ans. Nou pas gen dwa twayi memwa yo, paske se pou
libète pàn tou ke yo te fout goumen!
Nou pap aksepte kolabowe ak tout moun sa yo, ki koupab nan kontinuasyon mizè sa.
Nap fout denonse tout moun kap fè manigèt pou yo join sibvansyon ak tout kalité aid
nan men gouvènman ayisyen, et pi tou nan men gouvènman fwanse kap kontinue fè
gwinyen dan ak nèg sa yo pou kenbe politik payi a enba ponyèt yo.
Tout moun konnen an verite ke pèp d'Ayti pas janm soti an ba eksplwatasyon. Jouk
kounie a, li toujou ap subi tout kalite traka ki kenbel' nan soudevlopman kwonik. Pitit
pitit gwan nèg 1804, jouk jodi a, ap viv an ba dominasyon ekonomik, nan batèy
dominiken, nan bidonvil Pòt-o-Prens, e an ba dominasyon gwo pwopwietè teryen.
Pep la subi tout kalite maspinaj. Nan tan te gen "politik de la kanoniè", koté bato
alman, ameriken, franse, te kon vin nan rad Pòt-o-Prens pou enpose loa yo. Te gen
tou you komando amewiken ki te vin vòlò l'o la Bank Nasyonal d'Ayti an 1914. Yo
bwotel o Etazuni et pi yo di goud la marye ak dola a ! Yo menm make sou biye yo ke 5
goud fè 1 dola.
Te genyen tou "kanpagn anti-superstisyeus" kote yo te kraze tanpl vodou. Pa blie
Charlemagne Peralt chef kako, ke blan amewiken te kwusifie sou you pòt ke yo te
mete kanpe sou you mòn pou zabitan yo kagou. Pa blie diktatu Papa Doc ak bebe
Doc ke la France ak ameriken te soutni. Se pa pou nou blie ke la Fwans, leu
Indepandans la fèt en 1804, té enpose Ayiti peye you "Dette" de 150 milyon de "Francs
Or" ke peyi a peye totalman ! Bagay sa wuine tout ekonomi peyi a. Pou ta join valeu
l'ajan sa jodi a, fok ou ta miltipliyel par 50 ! Pa blie non pli 15.000 a 30.000
koupeu-kann yo te asasinen en Republik Domoniken sou Sténio Vincent... Tout
bagay sa yo montre que pèp d'Ayiti pa jam soti anba esklavaj ak dominasyon moun
sa yo.
Nan tan jodi, nou vle ke se tout pèp d'Ayiti pou yo onore. Pèp sa pa janm bese tèt li.
Li toujou kampe, li toujou lite pou la Jistice e pou la Libète.
A ba l'ipokrisi ! A ba vòleu d'Istwa ! A ba tou sa kap gate memwa pèp la!
Gloa pou pèp d'Ayiti! Oneu e respè pou 2 sièkl sa yo, ki te 2 sièkl de lit pou la Libète,
l'Egalite ak la Fwatènite !
Nou mande tout patwiyot sinye text sa. Fè tout moun konenl. Kenbe fèm ! Pa lage!
Se komansman batay la. Nap fè 2004 tounen en1804 men you 1804 kap bannou la
Victwa! Kanpe dibout! Tèt ansamb ! An avan ! Viv la Libète ! Viv l'Egalite e la Fwatènité !
Viv Ayiti !
17 d'Aout 2002
Voye e-mail banmwen : gerald.bloncourt@club-internet.fr
SIGNATAIRES :
Gérald BLONCOURT, Président
Jean-Marc NUMA, Président-Adjoint
Alemy ILOFILS, Secrétaire
|
|