Haïti : nouvelles du 22 décembre 2003

Une importante déclaration de Dahound André (New York)

Aba Enperyalis Meriken! Aba Enperyalis Franse!

Aba 184! Aba Lavalas! Aba Konvèjans!

Viv yon Pèp Vanyan ki pa p Manje Kaka nan Men Pèsonn!

Jodi a peyi d Ayiti twouve l nan yon veritab kalfou makawon. Lavalas ki te pwomèt pèp Ayisyen an jistis, transparans ak patisipasyon pote trayizon, malvèsasyon, koripsyon, entimidasyon, kout baton ak enpinite. Se nòmal pou pèp Ayisyen an leve kanpe nan 4 kwen peyi a pou di Aristide ak tout ekip Lavalas la bay talon yo. enm lè se ta yon veritab majorite nan eleksyon lib e libè ki te bay Aristide manda 5 an, Aristide trayi dizon l te gen ak pèp la. Nou kore pèp la nan dwa granmoun li l pou l voye msye ale lè lide l di l. Sa represyon ak entimidasyon pa t ka fè pou Divalye lòtrejou li pa fouti fè l pou Lavalas jodi a. Anplis, se ta yon dènye souflèt pou zansèt nou yo pou pèp Ayisyen an ta aksepte fete 200 lane lendepandans nou ak yon Prezidan ki si tèlman pa kwè nan Ayisyen se blan l voye chache pou pwoteje lavi l.

Malgre tout sa Meriken mande Aristide bay li ak degi, se pa 5 kòb mannigèt laboratwa Meriken an akouche pou l diskredite epi destabilize pouvwa Aristide la. Yo fè sa pou yon rezon ki senp: Meriken pa aksepte okenn granmoun oswa timoun ki pran pòz granmoun kanpe anfas li. Dola vèt Meriken an ba nou "espace de concertation". Li bay "convergence democratique". Ak konplisite gouvènman Ayisyen an, li bay ONG Ayisyen kou etranje ki donnen tankou djondjon epi ap fè travay ki pou ta responsabilite yon gouvènman granmoun. Li bay anbasadè Meriken grenn pwomennen k ap sikile nan 4 kwen peyi a derespekte gouvènman peyi a ak chak grenn Ayisyen. Finalman l akouche "Andy" Apaid, poutchis, boujwa patripòch, ekspè nan souse san pèp Ayisyen an pou degouden nan faktori, epi l di nou men lidè k ap sove nou anba Lavalas la. Viktwa Apaid ak tout akolit li yo sou Aristide se viktwa pou Meriken. An menm tan chak jou Aristide rete sou pouvwa a tou se viktwa pou Meriken.. Tou 2 ap travay pou regle menm zafè a.

Kriz sa a ki cho kou bwa dife la jodi a, li soti Gonayiv kote manifestasyon fèt san pran souf apre sasinay Kiben pou voye Aristide ale paske yo di se li k touye Kiben. Manifestasyon sa yo fèt ak yon seri bèl drapo Meriken tou nèf. Alewè, si se vre Aristide ta touye Kiben se ta va yon kado anplis li ta bay menm Meriken an ak degi. Veritab pwazon tout moun ki kwè tout bon vre nan bati yon lòt mond dwe batay kont li a se Meriken. Li di l pote demokrasi ak dwadelòm men tout moun ki gen je ka wè verite a. Teritwa Meriken okipe jodi a li sezi l nan men moun yo rele Endyen li te jwenn sou tè a. Ti ponyen l pa rive touye yo, jouk jodi a l ap kokobe yo nan yon seri geto li rele rezèvasyon. Resous ki fè jodi a Meriken se pèp ki pi rich sou latè a li jwenn li nan kidnape zansèt nou yo an Afrik epi fòse yo travay tè a gratis pou li pandan plis pase 400 lannen. Jouk jodi a, nwa Ozetazini kokobe nan yon ekzistans bout moun. Dapiyanp Meriken ap fè jodi a menm nan Afganistan ak jan l deside al kraze brize, piye nan Irak kont volonte tout peyi epi menm LONI popetwèl li a, montre pouvwa l chita sou 3 bagay: lajan, manti, ak bonm misil.

Aba Opòtinis Lagoch k ap Chache pran Woulib nan Kamyon 184-Meriken an oswa nan Kamyon Lavalas la!

Dahoud Andre
Aktivis Ayisyen k ap batay nan lakou New York, 21 Desanm 2003


Arrivée d'un navire de support logistique sud-africain

PORT-AU-PRINCE, 22 déc (AFP)

Un navire de support logistique de la marine sud-africaine, le « SAS Drakensberg », est arrivé lundi à Port-au-Prince dans le cadre de la participation du président sud-africain Thabo Mbéki aux cérémonies de commémoration du bicentenaire de l'indépendance d'Haïti, a constaté l'AFP.

Une délégation officielle haïtienne conduite par le ministre de l'Intérieur, Jocelerme Privert, s'est rendue à bord avant que le commandant du navire et ses officiers ne se rendent à terre pour une brève cérémonie au cours de lequelle M. Privert leur a souhaité la bienvenue.

Ce navire doit apporter une aide logistique à l'importante délégation sud-africaine qui assistera aux cérémonies du bicentenaire, le 1er janvier 2004, et qui comprendra outre le président Mbéki, la ministre sud-africaine des Affaires Etrangères, Mme Nkosazana Dlamini-Zuma.


Un mort à Port-au-Prince lors d'une manifestation anti-Aristide

PORT-AU-PRINCE, 22 déc (AFP)

Un homme d'une vingtaine d'années a été tué par balle lundi à Port-au-Prince lors d'une importante manifestation pour réclamer le départ du président Jean Bertrand Aristide, a constaté un journaliste de l'AFP.

La victime, dont l'identité n'a pas été communiquée, a été atteinte d'une balle à la tête au moment ou la police anti-émeute ouvrait le feu pour bloquer une jeep d'hommes armés qui tiraient en direction du cortège des manifestants afin de créer une panique.

Cette manifestation regroupant des participants des différentes classes sociales a été organisée à l'appel de représentants de la société civile et de l'opposition. Son début s'était déroulé sans incident sous protection policière.

L'orientation politique de la victime fait l'objet de témoignages contradictoires, certains affirmant qu'il s'agit d'un étudiant, d'autres d'un partisan du pouvoir, d'autres qu'il n'est qu'un simple passant. L'origine exacte du tir qui l'a tué n'est pas non plus connue.

La manifestation a rassemblé de 10.000 à plusieurs dizaines de milliers de personnes, selon les estimations. Elle avait débuté dans le calme, sous la protection de la police.

Les manifestants appartenant à diverses couches sociales scandaient en créole des slogans brocardant le chef de l'Etat et réclamant sa démission. Outre André Apaid, le coordonnateur du groupe des 184 qui réunit la société civile et le patronat, plusieurs ténors de l'opposition dont les responsables socialistes Victor Benoit, Jean Claude Bajeux et Micha Gaillard, Evans Paul, ancien maire de la capitale, et l'ex-sénateur Paul Denis (organisation du peuple en lutte) ont participé à cette manifestation.

L'ancien ministre de l'Education Nationale, Marie Carmel Austin, qui a récemment démissionné pour protester contre des violences commises le 5 décembre contre des étudiants et des responsables universitaires par des partisans armés du pouvoir, s'était aussi jointe au cortège.

Au même moment, plusieurs milliers de jeunes des quartiers populaires ont manifesté devant le Palais National (siège de la présidence) en faveur du président Aristide, réclamant le respect de son mandat de cinq ans en agitant de petits drapeaux, a constaté un journaliste de l'AFP..